Byenvini nan Ti Kwen Kreyòl la

Blag | Pawòl Granmoun | Pwezi Kreyòl | Atik Kreyòl | Akèy


Byenvini nan Ti Kwen Kreyòl la, ki se pati kreyòl Amizman.com nan. Ekip Amizman.com nan te deside mete seksyon sa a sou sit la yon fason pou patisipe aktivman nan pwomosyon lang kreyòl ayisyen an ki li menm se yon gwo moso nan kilti peyi a.


Gen anpil moun ki ap mande pou nou ajoute yon seksyon kote moun ka aprann pale kreyòl sou sit la. Nou poko vrèman gen mwayen pou sa paske nou pa vle ofri anyen ki medyòk. N'ap travay sou sa men nou pa ka fè okenn pwomès pou konnya la. Si ou gen kesyon oubyen ou ta renmen patisipe nan pwojè sa a, pa ezite kontakte nou. n'ap apresye sa anpil.

 

Ou menm ki pa nan peyi a, men ki anvi tande oubyen li ti kreyòl ou, se bon fason pou amize ou. Atravè blag ak powèm yo lòt itilizatè ap soumèt chak jou, pwovèb yo ak atik yo, nou espere w'ap santi ou lakay.


 


 

Pawòl Granmoun

Pise gaye pa kimen.

Spread piss doesn't foam.

Li Plis Pwovèb...


 

Dènye Blag Ki Fèk Tonbe A: "Grangou Fè Lòm Entelijan"

Se te yon nèg ki te tèlman grangou, misye leve li pa jwenn anyen pou l' manje. Epi te gen yon bon restoran tou prè lakay li a. Misye wè li pa ka kenbe ankò. L'al...

Li rès blag la | Li Lòt Blag Yo | Soumèt blag pa ou


 

Dènye Atik La: "Nouvo Dirijan nan Peyi Nou"

Mezanmi, jan tout moun deja ap swiv sa, nou gen yon nouvo gouvènman k'ap pran tèt peyi nou an. Anpil moun deja kontan pou chanjman sa a. Nou sot asiste kouman pèp ayisyen...

Li rès atik la | Li tout atik yo


 

Pataje Pwovèb ak Blag ou yo

Majorite ayisyen konn bay blag. Pa kenbe yo pou kont ou, pataje yo. Lòt itilizatè yo ap byen apresye sa. Ou pa bezwen enkyete pou òtograf. N'ap fè efò pou korije tout fòt yo epi itilize bon òtograf estanda lang kreyòl la avan nou pibliye blag yo. Sepandan, sa ka fè blag yo pran yon ti tan avan yo pibliye. Tanpri pa soumèt blag ki gen mo sal. Nou pap pibliye yo, paske nou pa ka ankouraje anyen ki negatif.

Kòmanse Pataje Blag